Se rendre au contenu

LEAD MOTIV H HAYTI 

LE MAGNAT DU DIVIN!

BYENVINI SOU MIZE 

ANPI HAYTI A.

NOU LA POU MONTRE HAYTIEN VRÈ IDANTITE'L , VRÈ KILTI'L  AK VRÈ ISTWA'L KE LENMI AN TE KACHE YO.  KONSA YAP DEVLOPE ESPIRITYALITE YO KÒM CHANPYON, CHAPYÒN POU YO AL LAVE FIGI ANPI HAYTI KISE MATRIS MOND LAN.

PASKE FÒK OU KONNEN ISTWA ZANSÈT OU YO, POU KAPAB KONPRAN KISA WAP VIV JOUNEN JODIYA A, POU KAPAB PRAN BON JAN DESIZYON POU PITIT PITIT OU KAP VINI YO.

PASKE PA GENYEN OKENN PYEBWA KI KAPAB NI VIV, NI KANPE SAN RASINN.

LEAD MOTIV H HAYTI.


"Ou dwe fè sa ou dwe fè annatandan ou fè sa ou vle fè reyèlman.  Sa ki pi enpòtan, chonje nan tout sikonstans ke'w se yon Chanpyòn, yon Chanpyon sa vle di you Endijèn nan ANPI HAYTI a.  Nan ka sa a, ou gen yon sèl chwa ki pa lòt bagay ke "reyisi".  Pousa rive, fòk ou bati karaktè'w epi al reyalize tout rèv ou yo."

LEAD MOTIV H HAYTI.


ANPI HAYTI AN ETABLI POU TOUTAN!

KONSTITISYON 20 ME 1805

DISPOZISYON JENERAL.

ATIK 20:

KOULÈ NASYONAL YO SE NWA EPI WOUJ.

ESLOGAN NOU SE: LIBÈTE OUBYEN LANMÒ.

KIDONK LIBÈTE POU NOU VRÈ PÈP ENDIJÈN ANPI HAYTI A EPI LANMÒ POU TOUT LENMI SAN MANMAN ANPI HAYTI YO.


SÒM 60 : 4
  OU BAY MOUN KI GEN KRENTIF POU OU YO YON DRAPO, POU LÈ BATAY LA YO JWENN KOTE POU YO KACHE.

1ye JANVYE 1804

JEAN JACQUES DESSALINES ki ap li batistè Zile ANPI HAYTI avèk diskou 1ye janvye 1804 lan.


SOU IMAJ SA NOU KA WÈ KE ANPERÈ JACQUES 1YE, KI KANPE DÈYÈ PIPIT AN BWA, AK DESEN AMWARI AN SOU LI.  DESSALINES JACQUES 1YE SETE YON NÈG KITE KOUT ANPIL.  ANPIL NAN LENMI LI YO, TANKOU DUBROCA RAPÒTE KE LI TE KOUT ANPIL, BYEN MISKLE EPI LI PAT PÈ ANYEN.  MEN MALGRE LI TE YON TI BOUT GASON TOUT MOUN TE PÈ'L ANPIL PASKE LI TE YON SÒLDA KI PAT JAN JWE AVÈK OKENN VAKABON.

7 SÒM KONBA POU NOU KASE SÈK TOUT KOU LENMI ANPI HAYTI YO.


AN NOU AL CHACHE VRÈ FOTO DESSALINES, JACQUES 1YE.

YO RETIRE KÒK LAN YO METE KLE A BÒ KOTE NON MALFEKTÈ BILLINI YON MÈSENÈ KATOLIK.

 NOU AL DEKOUVRI DOKIMAN SA A YO NAN BÒ LWÈS PEYI AN, KE ESPANYÒL AP FÈ KÒB AVÈK YO.


NAN HOTEL SA NAN KATYE SA SE LA NOU JWEN VRÈ PÒ ANPERÈ JACQUES 1YE KI KORESPONN AVÈK DESKRIPSYON ANPIL NÈG KI PAT VLE WÈ ANPERÈ jACQUES 1YE.

 


 


ANPERÈ JACQUES 1YE.

ADONAY, HAYTI NOU AN, TE CHWAZI SEMIT SA A KISE JEAN JACQUES DESSALINES. HAYTI TE GONFLE PONYÈT LI, POU LI TE MENNEN LAME ENDIJÈN LAN PRAN LIBÈTE'L.  LI TE KA KRAZE PI GWO LAME NAN MOND, KISE LAME FRANSÈZ. LAME SA A TE YON PÈP SAN MANMAN.  AK JENERAL DESSALINES KISE PI GWO ESTRATÈJ MILITÈ NAN TAN AN, HAYTI, TE METE PASE YO ANBA PYEL, METE PYE SOU KOU YO POU FINI LI TE KRAZE YO PLAT ATÈ.  JOUK JOUNEN JODIYA YO PÈ SITE NON DESSALINES.  ALÈKILE, NOU MENM HAYTIEN NOU REVEYE, NOU SE PITIT HAYTI, DESANDAN MOUCHE DESSALINES.  YO WÈ SA A, NOU DI YO: "HAYTI SE WÈ SA A, PÈ SA A!" KAKARÈL PRAN TOUT LENMI LIBÈTE NOU AN.

20 SEKTANM 1758 - 17 OKTÒB 1806.

BATISTÈ ANPI HAYTI.

NAN DAT 1YE JANVYE 1804


MAJORITE MOUN KI SIYEN NAN BATISTÈ PIFÒ TE SIYEN LÈT NOMINASYON ANPERÈ A, 95% NAN YO TE TRÈT DESSALINES E PITIT PITIT YO LA TOUJOU.  KOUNYE A SE MOMAN SANTANS YO KI REVE E JUSKA 4YÈM JENERASYON YO YAP PEYE.  PASKE LÈ DESTRIKSYON YO TOUT RIVE.  PASKE WA ANPI HAYTI AP BALE WOUZE EPI METE TOUT FATRA YO DEYÒ SOU TOUT TERITWAL YO.  DADE NON YO BYEN PASKE APÈL BWA KALE AN PWAL KOMANSE POU YO.

MEN LÈT KOTE TOUT ZILE AN DAKÒ EPI NONMEN DESSALINES ANPERÈ TOUT ZILE ANPI HAYTI NAN DAT 25 JANVYE 1804.

PIFÒ NÈG NAN KI TE SIYEN NI BATISTÈ, NI LÈT POU NONMEN DESSALINES ANPERÈ, YO TE JALOU DE DESSALINES E YO TOUT TE AP KONVWATE POUVWA EPI YO PAT DAKÒ POU VINN TRAVAY POU DEVLOPE PEYI AN.   MEN YO TE PLIS DÈYÈ VÒLÒ.  SANTIMAN SA SE SEKÈL AK REFLÈKS REPIBLIKEN SAN MANMAN FRANSÈ YO TE KITE LAKAY YO.


 

DESSALINES PAT JANM MANDE TIT ANPERÈ E LI TE REFIZE TIT LAN PLIZYÈ FWA.  NAN DAT 25 JANVYE 1804,  TOUT PÈP ENDIJÈN LAN  AK TOUT JENERO SOU ZILE NAN LAME ENDIJÈN LAN TE NONMEN'L ANPERÈ. 
NAN DAT 6 SEKTANM 1804 TRÈT ALEXANDRE PETION DE VRÈ NON LI ALEXANDRE DESABÈS TE SIYEN AK KOUWONMAN JEAN JACQUES DESSALINES.
EPI NAN DAT 8 OKTÒB 1804 PÈP LAN KOUWONNEN DESSALINES ANPERÈ ANPI HAYTI SOU NON  JACQUES 1YE.
MEN TOUT SIYATI MOUN YO AP DEFILE ANBA 97% NAN YO SE TRÈT.  PITIT PITIT YO LA TOUJOU.  PITIT TRÈT SE TRÈT.  JOUMOU PA JANM DONNEN KALBAS.  RESPONSABILITE NOU SE JIRE POU NOU JIRE POU NOU KOURI DÈYÈ TOUT TRÈT SA YO AK LENMI ENDEPANDANS NOU YO JAN ANPERÈ DESSALINES TE MANDE LI.

KONSTITISYON 20 ME 1805 LAN, MANMAN LWA PEYI ANPI HAYTI A, SÈL ERITAJ PÈP ENDIJÈN LAN. 

ENTWODIKSYON KONSTITISYON AN KE ADONAY TE DIKTE DESSALINES MONTRE EFEKTIVMAN KE SE YON DOKIMAN SAN PARÈY.

TÈKS KONSTITISYON 20 ME 1805 SE GARANTI LIBÈTE AK ENDEPANDANS NOU.

LI GEN 81 ATIK LADANN.


ZILE ANPI HAYTI.

Déklarasyon preliminè.

ATIK PREMYE

Pèp sa ki habite zile sa a ki anvan sa a yo te rele St. Domingue, dakò pou yo vinn lib, granmoun tèt yo epi endepandan de tout lòt pisans ki egziste nan linivè a, epi yo rele zile a ANPI HAYTI.


SÒM 47 : 5
SE LI KI CHWAZI PEYI KOTE N'AP VIV LA POU NOU.  PEYI SA A SE LWANJ POU PITIT JAKÒB LI RENMEN ANPIL YO.

ZILE ANPI HAYTI

HAYTI PWAL CHASE TOUT PANYÒL DOMINIKEN YO TANKOU MOVE ZÈ SOU TERITWAL LAN.  DEKLARASYON PRELIMINÈ ATIK 1YE KONSTITISYON  20 ME 1805.


TERITWA ANPI HAYTI SÒTI DEPI:
 KAP IROIS RIVE KAP ANGANO.

NOU JWEN ENFÒMASYON  SA A NAN LIV KI RELE: "DESSALINES" LAN.

Otè liv lan se:  Vincent Placoly.

MEN AMWARI ANPI HAYTI A. 

FOTO YON PAPYE TÈ KE JEAN JACQUES DESSALINES TE SIYEN.  

FOTO AMWARI AN REPREZANTE TWON SALOMON NAN 1 WA 10 : 18-19 EPI 2 ISTWA 9 : 17-18 NAN BIB LAN KI SE ISTWA NOU PÈP ENDIJÈN LAN.


NOU SE VRÈ PÈP EBRE AN NOU SE HAYTIEN PÈP CHWAZI A.
DOKIMAN SA A TE KACHE EPI TE KLASE SEKRÈ NAN ACHIV AFÈ ETRANJÈ REPIBLIK FRANSÈZ, KI VÒLÒ PIFÒ DOKIMAN ANPI HAYTI.

MENM SON MIZIK VRÈ IMN HAYTI, BANN SAN  MANMAN FRANSÈ YO VÒLÒ LI POU YO FÈ MASEYÈZ YO A?

NÈG YO VÒLÒ INM HAYTIENNE YAP FÈ LIV POU YO VANN. KOUNYE A LÈ YON HAYTIEN TANDE SON VRÈ IMN HAYTI AN YO DI KE SE MIZIK LAFRANS.  NAP FÈ NOU KONNEN KE NÈG SA YO PA GEN ZEN SA A,  NAN NAS YO.  SON MIZIK NOU RELE "ALLONS ENFANT DE LA PATRIE"  NAN LANG MANMAN NOU : "AN ALE PITIT TÈ A." ; FRANSÈ YO TE VÒLÒ SON MIZIK IMN ANPI HAYTI NAN DAT 14 FEVRIYE 1879.  YO MAKIYE VERITE AN PANDAN YO ITILIZE NON MIZIK KÒM PREMYE LIY NAN LA MASEYÈZ LAN.  SAN MANMAN FRANSÈ AK LOKSIDAN, FÈ YON SÈ BAGAY: BLANCHI TOUT SA KI POU PÈP ENDIJÈN ANPI HAYTI A. 


LYON YO AP MACHE REPRANN TOUT SA KI POU LI NAN MEN BANN SAN MANMAN SA YO.

TRADIKSYON NAN LANG HAYTIEN.

NOU VIBRE LI NAN LANG MANMAN NOU, LANG KREYÒL, LANG HAYTYEN MANMAN TOUT LANG SOU LATÈ A.


NOU VIBRE PLANÈT LAN, LÈ NOU MENM PÈP ENDIJÈN HAYTI AP CHANTE IMN NOU AK FYÈTE.

DESSALINES TE KONSTWI TANP LAN, TOU SWIT APRÈ ENDEPANDANS LAN NAN LANE 1805.

LADAN NAP WÈ 2 TABLÈT LALWA, MENM JAN KE ADONAY HAYTI NOU AN, TE BAY MOYIZ LO.  SE LI KI TE CHÈF PÈP EBRE AN, KIDONK CHÈF PÈP HAYTIEN AN.  DEPI PÈP EBRE AN SÒTI ANBA ESKLAVAJ LI TOUJOU REKONSTWI TANP LAN.


GRAVI 1YE JIYÈ 1805 SA A KI GEN POU TIT : "FOTO TANP KE NWA YO KONSTWI KÒM SENBÒL ENDEPANDANS YO."
DOKIMAN SA TROUVE'L NAN LIBRERI JOHN CARTER KI NAN INIVÈSITE BROWN.  YON LÒT DOKIMAN KE LOKSIDAN VÒLÒ POU NOU.  KALE JE NOU!

 


KILÈ DOKIMAN SA A TE PIBLIYE?

PIBLIYE PA AK DIRÈK , NAN DAT 1YE JIYÈ 1805.


GEN VODOUYIZAN YO KI TE FACHE ANPIL DEVAN VERITE SA A.  EPI GENYEN KI TE MONTRE A KLÈ KE YO PA KONN LI. MEN LAVERITE PARÈT A KLÈ OU PA KAPAB KACHEL ANKÒ.  TOUT LYON YO REVEYE, SEMIT YO REPRANN KONTWÒL LA NAN KAN LAVERITE.

ESKE'W TE KONNEN KE DESSALINES PAT VLE WÈ: NI MASONLÒJ, NI SÒSYE, NI VODOUYIZAN YO?!

DESSALINES TE KONNEN KE NI VODOU, ALE WÈ POU FRANMASONNRI PAT JANM KILTI NOU, MEN SETE KILTI LOKSIDAN.  LÈ NOU PALE DE LOKSIDAN NOU PALE DE JAFÈT (EWÒP) AK KAMIT (LAFRIK) YO.  NOU MENM NOU SE SEMIT YO.  E SE VODOUYIZAN, FRANMASON AK SÒSYE YO KI TE NAN KONPLO LANMÒ ANPERÈ JACQUES 1YE.




ISTORYEN REPIBLIK LAN KI REVELE SEKRÈ SA A. 

HAYTI SE NON ADONAY, HAYTIEN NOU SE PÈP CHWAZI A.

2 ISTWA 7 : 14

LÈ SA A SI PÈP KI POTE  NON'M LAN LAPRIYÈ NAN PYE'M ANKÒ, SI YO VIRE DO BAY VYE PECHE YO TAP FÈ YO, M'AP TANDE YO NAN SYÈL KOTE'M YE A, M'AP PADONNEN PECHE YO, M'AP FÈ PEYI A KANPE ANKÒ.

EGZÒD 20 : 7

PIGA NOU SÈVI MAL AK NON ADONAY LAN, HAYTI NOU AN, PASKE ADONAY PAP MANKE PA PINI MOUN KI SÈVI MAL AVÈK NON LI.

DI FÒ: MWEN FYÈ DÈSKE MWEN SE YON HAYTIEN, MWEN SE YON CHWAZI, MWEN SE YON MOUN KI TOUJOU AP GENYEN, MWEN RICH E MWEN AP DOMINE AVÈK PAPA'M KI TOU PISAN.

KISA NON HAYTI AN VLE DI?

HAYTI VLE DI "MWEN MENM KI RELE SA'M YE A, SE MWEN." KITE DI MOYIZ AL DELIVRE PÈP LI AN EJIP.  LOKSIDAN TE VOYE NON AN JETE MEN JEAN JACQUES DESSALINES TE REPRANN LI.


Ajoutez une légende pour améliorer la signification de cette image.

KOULÈ DRAPO TIBI JIDA A.



WA DAVID

WA DAVID SETE YON SEMIT AK PO KWIV LI.  YO PAT BLAN (JAFÈT, EWOPEYEN) NI NWA (KAMIT, AFRIKEN).


KOULÈ WAYAL LAN SE NWA, WOUJ, VÈT AVÈK LÒ MENM JAN LI YE NAN DRAPO JIDA NAN TAN LONTAN LONTAN AK HAYTI KOUNYE A.

KOULÈ PO PITIT ADONAY LAN MENM KOULÈ AK PYÈ JAPS AK KOULÈ KWIV.


YESHUA PAT NI BLAN (JAFÈT, EWOPEYEN), NI NWA (KAMIT, AFRIKEN) LI TE KOULÈ SEMIT KISE PO KWIV, PO KOULÈ PYÈ JAPS, MENM KOULÈ AK PÈP HAYTIEN KISE VRÈ SEMIT YO VRÈ EBRE YO.

KISA KI TERITWA ANPI HAYTI?

TOUT SA YO RELE AMERIK NÒ, SANT AK SID LAN SETE TERITWA ANPI HAYTI.  TERITWA LYON YO KE LOKSIDAN AN VOLÒ POU NOU.  KIDONK NOU PA AFRIKEN.  NOU SE SEMIT.  EPI LANG NOU SE KREYÒL LANG HAYTYEN.

KOUNYE A NOU REVEYE, NOU KÒMANSE METE TÈT ANSANM POU NOU DISPARÈT BANN SAN MANMAN LOKSIDAN NAN LAVI NOU.  KOUNYE SE TAN LENMI NOU YO RIVE POU YO VIN KASE WÒCH NAN ANPI HAYTI A.
"HAYTI WÈ SA A, PÈ SA A!

 MEN VRÈ ALFABÈ LANG HAYTYEN KISE KREYÒL.

VRÈ ALFABÈ LANG HAYTYEN AN GENYEN 29 LÈT LADAN EPI SE LADAN'L ANPIL NAN SIY EGZISTE.  NAN ANPIL SIY KE LOKSIDAN AP ITILIZE YO TIRE YO NAN PWÒP ALFABÈ LANG HAYTYEN AN. 

 MEN LÈT NAN ALFABÈ NOU AN KE NÈG YO AP ITILIZE NAN AFÈ PA YO.


LOGO TIKTOK SE LÈT R KI SÒTI NAN ALFABÈ HAYTYEN KI ANDAN MATRIS LAN.

LOGO SHAZAM SE LÈT G KI SÒTI NAN ALFABÈ HAYTYEN KI ANDAN MATRIS LAN.



BOUTON ON/OFF APARÈY YO,  NOTE BLANCHE NAN MIZIK SE LÈT O KI SÒTI NAN ALFABÈ HAYTYEN KI ANDAN MATRIS LAN.



DOUB KRÒCH KISE YON NÒT MIZIK SE LÈT F KI SÒTI NAN ALFABÈ HAYTYEN KI ANDAN MATRIS LAN.



LÈT A NAN ALFABÈ LANG HAYTYEN SANBLE AVÈK SÈKS YON FANM KE FRAN MASON YO YO VOLÈ  LÈT SA ANDAN MATRIS LAN.



MISYON NOU NAN LEAD MOTIV H HAYTI, SE KONSTWI LACH LAN, JAN HAYTI MANDE NOU FÈ'L LAN.

CHANDELYE 7 BRANCH LAN MENM JAN LI TE YE NAN TANP LAN.


NOU REVEYE NOU REPRANN IDANTITE NOU BACK.

Poukisa ANPI HAYTI bay Endijèn Hayti yo opòtinite sa? 

 Tou senpleman paske lè nou rive.  Nou menm ki ap apran leson sa yo, nou konnen kiyès nou ye.  Nou konnen ke nou se chanpyon, chanpyòn, moun ki toujou pote laviktwa menm jan ak zansèt nou yo.  Epi nan moman sa a, anyen paka kanpe anfas nou paske nou gen yon boukan dife ki limen andan nou.

Nou se lyon, nou se lyòn epi HAYTI avèk nou.  Nou pisan epi nou pwal montre lemond antye kiyès nou ye paske nou reprann vrè idantite nou kòm " Pèp Endijèn nan Matris lan, moun ki pral bay lemond manje, moun ki pral "LAVE FIGI ANPI HAYTI" nan yon titan tou kout.

Se ENDIJÈN HAYTI nou ye, you pèp ekstraòdinè ki reveye.

Enèji ki pwal sòti andan nou yo, aprè nou fin aprann tout leson sou kijan pou nou mete kanpe epi devlope biznis nou, pral di wo epi fò nan boul figi lenmi yo ke: 

"HAYTI SE WÈ SA, PÈ SA!!

SE KASE WÒCH LI YE POU OU TONTON LOKSIDAN."

LEAD MOTIV H HAYTI.


An nou gade tout fòmasyon ke nou genyen yo

+ ke 50
pwodi LMH.
 
26 sit
fòmasyon.

Kou 
pou timoun.

3000
pye kafe. 

Poukisa nou diferan de lòt yo ?

 LEAD MOTIV H HAYTI, se kanal Adonay HAYTI, GRANMOUN lan.  Nou la depi 2018, depi nap resevwa vrè enfòmasyon sou idantite nou ak vrè kalandriye nou.  Nou fòme nan vrè espirityalite, nan vrè listwa pèp Endijèn Hayti a, ak nan vrè syans lan.

Lè nou fè erè nou di li kareman.  Nap aprann an menm tan ansanm avèk nou tout sa ki gen rapò avèk vrè idantite nou, istwa, misyon ak responsabilite ke nou genyen kòm pèp chwazi..

Nou konen ki pwomès ak benedisyon ke nou genyen sou tèt nou vrè Pèp ebre Hayti a.

Nou fyè epi nou kanpe rèd rèd dèyè Papa nou HAYTI.

Diferans ki genyen ant nou menm ak lòt yo sèke: nou konnen nou inik, nou fyè, nou konfyan paske chèf nou KREYATÈ tou PISAN an, ki kreye tout sa ki ekziste kise: BOUL DIFE A. Epi nou pote non li kòm Pèp.

Nou se Haytyen, Haytyèn san Wayal HAYTI ap koule nan venn nou an gran jan.

LEAD MOTIV H HAYTI.


Dekouvri tout fòmasyon nou yo


MATERYÈL YO LA POU LEKÒL JEAN JACQUES DESSALINES LAN.


MATERYÈL POU KOU LAVE FIGI HAYTI POU SIT KE LEAD MOTIV H OUVÈ YO.

ANPI HAYTI RETOUNEN 

AN NOU APRANN KOUNYE A VRÈ LISTWA NOU.  VRÈ KILTI NOU PASKE NOU SE PÈP EBRE AN, PÈ CHWAZI, PÈP KI AP DOMINE LEMOND LAN. NOU SE ENDIJÈN ANPI HAYTI A.

ANPI HAYTI SE WÈ SA, PÈ SA! 

EKRI NOU NAN: leadmotivh@gmail.com

LEKÒL JEAN JACQUES DESSALINES LAN LANSE PWOGRAM 12 MWA "LAVE FIGI HAYTI." 

NAN KAD PWOGRAM SA NAP APRAN JÈN HAYTYEN  NAN ANPI HAYTI,  YO APRANN FÈ BIZNIS POU YO RELANSE PWODIKSYON AGRIKÒL LAN, DEVLOPE IMAJINASYON YO KÒM PÈP POU REPRANN PLAS YO KÒM NASYON ANTREPRENÈ KI PWAL BAY LEMOND MANJE EPI DIRIJE LEMOND. 

Cel/ wathsapp: +509 4944-8901