LAVE FIGI HAYTI.
ANPI HAYTI avèk lekòl JEAN JACQUES DESSALINES, a travè kanal li an kise: LEAD MOTIV H HAYTI lanse pwogwam "LAVE FIGI HAYTI". Pwogram lan se yon lane kou sou biznis pou tout vrè Endijèn ANPI HAYTI.
Objektif kou an se fòme pwochen elit antreprenè Haytien pou Anpi HAYTi a, jan HAYTI mande'l epi bezwen'l lan e pwal reyalize li an.
Kou sa ap dire you (1) lane oswa karantwut (48) semèn.
Lap demare nan dat 8 oktòb 2024 bonè bonè. Aprè 7 oktòb 2024, nou pap resevwa okenn enskripsyon ni nan 27 sit fisik yo sou tout teritwa Anpi Hayti an, ni sou website LEAD MOTIV H. (www.leadmotibhhayti.net)
Kidonk kouri enskri otomatikman ke ou resevwa envitasyon an.
Siw gen pwoblèm ak prosesis lan, klike sou bouton anba pou nou ka ede'w.
Deja nou diw byenvini nan bèl avanti sila a.