fomasyon compite pou debitan - Kou 1
Chak jou, ou pral rankontre sistèm òdinatè a nan prèske tout sa ou pral fè, menm si ou pat janm panse ak sa. Chèn televizyon ou gade yo, estasyon radyo ou koute yo, machin ou kondwi a, kès ki lan magazen yo, manje lokal yo; yo tout se yon sistèm òdinatè ki kontwole yo.
Yo ede nou fè travay nou, konsève enfòmasyon nou yo, epi menm kontwole avyon k’ap vole anlè tèt nou. Pandan kou sa a, ou pral aprann sou kijan òdinatè yo fonksyone, kijan pou fè travay yo vin senp, ak plis ankò.
Anatomi yon Òdinatè
Menm jan ak tout pwodwi, gen plizyè fason pou fè yon òdinatè. Men gen anpil pwen komen lan fason yo fè’l la kèlkeswa mak òdinatè a. (Dell,Apple, Acer, HP, Lenovo etc.) Gen de kategori òdinatè: òdinatè ki fèt pou travay lan biwo ak òdinatè ke moun ka deplase avè’l kèlkeswa kote yo prale. Men, sa pou nou konnen sèke kèlkeswa odinatè a, li gen tout pati sa a yo ladan’l
0
0
Il n'y a aucune réaction pour le moment.
Rejoindre ce cours
pour être le premier à laisser un commentaire.