-
4YÈM KOU. Premye leson leadership : "21 kalite yon lidè dwe genyen lakay li."
-
8YÈM KOU. Dezyèm leson "Leadership" la.
-
- Quiz
-
-
12ZYÈM KOU. Twazyèm leson Leadership: "Angajman".
-
16ZYÈM KOU. Katriyèm leson. "Lidèchip".
-
- Quiz
-
-
20YÈM KOU. Senkyèm leson Leadership. "Kon kijan pou pale ak lòt moun?"
-
24YÈM KOU. Sizyèm leson Leadership. "Rezime leson sou kijan moun pale ak piblik."
-
- Quiz
-
-
28YÈM KOU. Setyèm leson Leadership : " Vizyon."
-
36ZYÈM KOU. Wityèm leson Leaddership: " Vizyon - Rezime- Quiz"
-
- Quiz
-
-
42ZYÈM KOU. "Nevyèm leson. "You nan kalite yon Lidè se ranm manm kominote li sèvis pou asire byenèt kominote a,"
-
49YÈM KOU. Dizyèm leson. Men sa kise lidèchip aplike nan konbit " LAVE FIGI HAYTI."
-
50YÈM KOU. Onzyèm leson Lidèchip. Sèvis pati 2.
-
52ZYÈM KOU. Douzyèm leson. Lidèchip. Rezime sou leson ki rele sèvis la + kwiz.
-
- Quiz
-
-
54YÈM KOU. Trèzyèm leson. Rete konsantre.
-
56ZYÈM KOU. Katòzyèm leson. Rann pi fò kapasite’w pou mete tout lespri’w sou yon sèl bagay.
4YÈM KOU. Premye leson leadership : "21 kalite yon lidè dwe genyen lakay li."
4YÈM KOU.
PREMYE LESON. LEADERSHIP.
« 21 KALITE YON LIDÈ DWE GENYEN LAKAY LI.»
Pou nou ka reyalize konbit sa a, nou bezwen yon zouti ki pote non: « Leadership »
Leadership la se : « kapasite ak volonte yon moun genyen pou mete yon group moun ansanm ki pral travay pou ye fè yon bagay ke yon sèl moun oubyen de moun patap janm ka fè poukont yo, men ki pral lan avantaj tout yon kominote »
Leadership la se : « Kiyès moun ou ye reyèlman lè ou lan fè nwa, sa vle di ki kalte moun ou ye lè moun pap gade'w. »
Pou yo konsidere'w kòm yon bon lidè w'ap bezwen genyen yon pakèt kalite. Pami kalite sa a yo nap ba'w venteyen :
1- Karaktè oubyen moun ki entèg.
2- Angajman.
3- Vizyon.
4- Konn kominike.
5- Konpetan.
6- Kouraj.
7- Disèneman. (lespri bon konprann).
8- Konsantrasyon.
9- Renmen pataje.
10- Fè aksyon.
11- Tande lòt yo.
12- Pasyon.
13- Pozitif lan tout sikonstans.
14- Solisyone pwoblèm.
15- Bati relasyon ak lòt moun.
16- Yon moun ki reskonsab.
17- Asirans.
18- Bay tèt ou disiplin.
19- Sèvi lòt moun yo.
20- Kapasite pou aprann.
21- Karis.
Sa karaktè oubyen entegrite a ye ?
Yon moun ki gen karaktè oubyen ki entèg, se yon moun ki rete solid, ki pap janm brannen menm jan ak ròch ki pi di a lan tout pwoblèm li pral gen pou li rankontre lan lavi a.
Kijan pou rann karaktè’w pi fò?
Fason yon lidè kanpe anfas tout kalite pwoblèm ki gen lan lavi a ap montre si li gen karaktè oubyen si li pa gen karaktè. Se pa pwoblèm yo ki pral fè lidè a gen karaktè, men se kontrè a ; se montre pwoblèm yo pral montre ki jan de lidè moun sa a ye.
Fòk noun konnen ke pwoblèm yo se yon kalfou ki mete devan nou de chemen :
- karaktè yon bò
- epi malonèt lan lòt bò a.
Chak fwa ou chwazi rout kote karaktè trouve'l la, w'ap rann entegrite'w pi solid jan li pat janm ye anvan. Gen yon otè ki di yon bagay enpòtan ki ale lan menm sans lan, men sa li di : « Lavi nou sou latè pa chita sèlman sou richès ak byen materyèl, jan yo vle fè nou kwè’l la, men li chita sitou sou devlopman nou kòm moun kote misyon nou se fè nanm nou grandi pandan pasaj nou sou latè ». Ranfòsman karaktè nou se bagay ki pi enpòtan lan rout devlopman an ; se pa sèlman lan devlopman yon lidè men tou lan lavi tout moun ki vle viv byen lan kominote’l.
1- Karaktè’w pi enpòtan ke pale.
Nenpòt moun ka di li entèg, men se sa moun nan ap fè kap montre si moun nan entèg tout bon. Se karaktè’w kap di kiyès ou ye. Moun ou ye a ap fè:
- ou wè gran epi lwen
- oubyen piti epi pre .
Men sa ou wè a se pou li w'ap aji. Se sak fè ou paka separe yon lidè ak zak l'ap pose yo. Si ou ta wè sa lidè a ap fè yo kontrè ak sa l'ap di yo, al gade karaktè’l epi wap jwenn repons lan.
2- Talan se yon bagay moun nan fèt avè'l men karaktè a se yon chwa ou fè.
Lan lavi a gen yon pakèt bagay ki pa depann de nou oubyen ke nou pa kapab kontwole. Se pa nou ki chwazi paran’n yo. Se pa nou ki chwazi kote ak fason pou nou te fèt. Se pa nou ki chwazi kote epi kijan pou edikasyon nou te fèt. Se pa nou ki chwazi talan nou ak kapasite pou nou aprann. Men, se nou ki cwazi karaktè nou. Nou kreye’l chak fwa nou gen poun fè yon chwa ant de bagay oubyen ant de sikonstans. Lè nou:
- kanpe anfas pwoblèm yo oubyen lè nou kouri pou yo, nou fè chwa karaktè nou.
- Lè n'ap fè kòmsi nou pawè vérité a oubyen lè nou dakò ak verite a, nou chwazi karaktè nou.
- Chak fwa nou chwazi fè sa ki pi fasil la olye nou pran reskonsablite nou, nou chwazi karaktè nou.
Fòk ou konnen ke se ansanm chwa ke ou fè depi lè ou te tou piti jiskaske ou rive lan laj ou ye kounye a ki ba'w karaktè ke ou genyen kounye a.
3- Karaktè’w se sèl garanti ke’w genyen pou reyisi nèt ale bò kote lòt moun.
Vrè « Leadership » la toujou mande pou travay ak yon ekip moun.
Gen yon pwovèb ki di : « Si ou panse w'ap mennen lòt moun epi pa gen okenn moun k'ap swiv ou, se jis yon ti pwomnad w'ap fè ». Moun k'ap kolabore avè'w yo ap sispann kolaborasyon an depi yo wè sa w'ap di ak sa w'ap fè se lajounen ak lannwit, epi yo pap swiv ou ankò.
4- Lidè yo pap janm depase limit karaktè yo.
Ou poko janm wè demoun ki gen anpil talan ki tonbe plat atè otomatikman yo rive lan yon nivo siksè lan lavi yo? Kle bagay sa se sa ki rele karaktè a. Gen yon profesè lan sa ki rele sikoloji, non li se Steven Berglas ki di pawòl sa nou pral li la a : « Moun ki rive lan gwo nivo esiksè men ki pa gen karaktè ki pou sipòte estrès ki mache ak nivo esiksè a, ap fini pa tonbe plat atè.” Sikològ la kwè ke moun sa a yo ap tonbe lan menm epas ak moun k'ap viv yon sitiyasyon ke limenm li rele maladi "kat A" yo, ki se: “ Arogans, Abandon, Adiltè ak Alkòl”. Chak A yo se yon pri l'ap gen pou’l peye paske karaktè’l fèb.
Pran yon moman pou reflechi.
Si sa ta rive ke ou se yon moun k'ap viv youn nan "kat A" ke Berglas pale a nan moman w'ap swiv leson sa a, fè’w kanpe. Fè tout sa ou konnen pou retire estrès ki mache ak nivo esiksè’w genyen an. Ale jwenn yon sikològ si’w santi ou pap kapab poukont ou. Pa fè erè pou panse ke tan an, lajan oubyen renonmen ka efase moman toumant sa a, ke’w ladan’l lan. Pwoblèm karaktè ke ou chwazi fè kòmsi ou pa wè oubyen kòmsi ou pa konprann nan pap bay lòt rezilta ke chagrin, sa ap fè’w santi ke ou poukont ou epi l'ap fini avè'w nèt.
Mèm si sa ta rive ke ou pa lan sitiyasyon kote w'ap viv ak youn lan maladi "kat A" yo, li ta bon kanmèm pou gade kijan de karaktè ou genyen. Mande tèt ou èske sa w'ap di ak sa w'ap fè lan tout sikonstans sanble tankou de gout dlo ? Lè ou di w'ap fin fè yon bagay, èske sa rive ke ou toujou fin fè'l vre ? Lè ou di pitit ou ke w'ap vin gade'l kap jwe foutbòl, èske ou toujou fè'l vre ? Èske moun yo ka fè konfyans ak yon lanmen ou bayo menm jan si yo te siyen yon papye devan lalwa ?
Fòk ou gen konsyans kòm reskonsab kay, kòm moun kap travay lan yon biznis kèlkonk oubyen nan yon kominote, ke karaktè’w se pi gwo atou ke ou genyen. Gen yon gwo biznismann ki rele G Alain Bernard ki di: “ Pou moun respekte'w, leadership la mande fòk yo pa jwenn anyen pou yo repwochwe'w. Non sèlman lidè a se moun ki rete yon kote poukont li san li pa melanje lan tout bagay ki gen a wè ak byen epi ak mal, men tou fòk li rete lwen tout sa ki pa klè".
Pou nou rezime.
Pou ka rann karakè ou pi fò fè sa nou pral di’w yo :
- Chache kote ki gen fay yo. Rezève yon tan pou ka fè yon ekzamen lan diferan pati lan lavi’w : maryaj ou, travay ou zanmi'w, kominote a. Gade konbyen fwa ou pat entèg oubyen ou pat onèt lan yon bagay ou te di oubyen ou te fè oubyen ankò yon bagay ou te di w'ap fè ou pa fè. Si’w sa te rive yon fwa, ou te kite yon zanmi oubyen yon fanmi tonbe pou yon enterè kelkonk. Ekri tout sa ou chonje ki sanble ak yonn lan sa nou sot site yo ki te rive'w lan de mwa ki sot pase yo.
- Chache chema a yo. Gade sa ou sot ekri konsènan sa ou te fè pandan de mwa ki sot pase yo, èske ou wè ou gen yon pwen fèb lan yon bagay espesyalman? Èske gen youn lan sa ou note yo ki toujou ap parèt lan desizyon’w yo? Si ou ka wè yo san pwoblèm sa vle di yo ka ede’w konprann kote pwoblèm karaktè’w la soti.
- Kanpe anfas pwoblèm yo. W'ap kòmanse korije pwoblèm karaktè ke ou genyen yo lan menm moman kote ou rekonèt ke ou genyen yo; lè ou eskize’w epi ou pa pè tout sa ki ka vini apre ke ou fin rekonèt ke ou te deranje youn oubyen plizyè moun ak sa out e fè a oubyen ou te di a; ak sa ou pat fè a oubyen ou pat di a. Fè yon lis non moun ke ou dwe eskize pou aksyon ou sonje ou te poze ki te deranje yo, epi ale jwenn yo epi ezkize’w devan yo ak tout senserite.
- Rekonstwi tèt ou. Se yon bon bagay lè ou gen kouraj pou kanpe anfas sa ou te fè ki pat bon lan tan pase yo, men li pi bon lè ou fin korije yo epi ou pa janm tounen refè yo ankò ; lan ka sa, w'ap travay pou gen yon lavni ekstraòdinè. Kounye a kòm ou konnen pwen fèb ou yo, ou dwe fè yon plan ki ap anpeche’w refè menm erè yo.
Moun ki gen anpil karaktè yo se moun ki pi gran andedan yo ke deyò yo.