Se rendre au contenu
Lis kou yo.

67YÈM KOU. Sèzyèm leson lidèchip. Tès sou kijan pou yon lidè aprann mete tout atansyon’l sou you sèl bagay.

67YÈM KOU.  

WÈZYÈM LESON.  LEADERSHIP.

TÈS SOU KIJAN POU YON LIDÈ METE TOUT ATANSYON'L SOU YON SÈL BAGAY.

"KWIZ."

KIJAN POU GADE VIDEYO AN SWIV ETAP 1 EPI 2.

  1. TANDE VIDEYO EPI ESTOP LI NAN PATI TÈS LAN DESANN ANBA PAJ LAN POU AL PASE TÈS LAN OUBYEN QUIZ LAN.
  2. KONTINYE JWE VIDEYO AN POU KA KONPRANN REZILTA OU JWENN LAN.


Mete yon V bò kote tout fraz ou konnen ki laverite epi yon F bò kote fraz ou konnen kise fab.


6 0
1. Tony Gwynn se te dezyèm jwè bazbòl ki te pi fò lan frape boul ak baton paske li te gen plis vizyon ke lòt jwè yo.
2. Tony Gwynn te fèt ak yon don ke yo rele lan lidèchip « konsantrasyon », se sa ki fè li te fè anpil tan ap jwe lan pi wo nivo a.
3. Pou Tony Gwynn te rive kenbe nivo konsantrasyon li te genyen an, sa a vle di kenbe kantite frap li te konn fè pandan tout tan li t’ap jwe ki se 339 la, li te konn fè anpil sakrifis tankou : li, tande kasèt, filme tèt li lè l’ap jwe, pale de frape boul epi li te konn fè lòt espò ki pat gen rapò ak bezbòl.
4. Tony Gwynn tèlman te fò li te li liv Ted Williams ki rele “The science” lan yon sèl fwa pandan li te lan inivèsite epi depi lè sa a li tounen yon lejand lan frape boul.
5. 5- Tony Gwynn te konn pase anpil tan lan sal kote yo fè espò pou’l te ka gen gwo bibit ; se rezon sa a menm ki fè’l frape boul la byen konsa.
6. Yonn lan rezon ki te fè Tony Gwynn rete lan ekip ki te sanndyego a se paske li te vle ap pale tout tan ak laprès paske se lan zòn sa a li te kòmanse jwe epi se la tou tout moun te konnen’l kòm gwo jwè.
7. Yon moun ki pa kapab mete tout atasyon’l, tout enèji’l sou yon sèl bagay pap ka gen siksè ni lan yon aktivite l’ap fè poukont li ni lan lidèchip.
8. Yon lidè kapab posede plizyè biznis k’ap mache byen.
9. Kapasite yon moun geyen pou’l mete tout atansyon’l sou yon sèl bagay se sèl sa k’ap bali garanti ke l’ap reyisi.
10. Yon bon lidè se yon moun ki konnen fason pou’l pran nenpòt moun mete lan ekip li epi ki konnen kijan pou’l fè ekip sa a mache.
11. Yon gwo lidè se yon moun ki ka pran yon moun ki pa entèg epi li mennen’l al fè siksè lan lidèchip
12. Yon lidè ki gen tout lòt kalite yo, menmsi li pa kapab mete tout atansyon’l sou yon sèl bagay ap rive fè siksè kanmèm.
13. Entegrite ak onètete se kalite ki pi enpòtan lan lidèchip, menmsi yon moun pa kapab konsantre’l sou yon sèl bagay depi li gen de kalite sa a yo l’ap ka fè siksè.
14. Kalite ki rele konsantrasyon an se yon ti kantite moun tou piti ki rive devlope’l lan lemond.
15. Yon bon lidè menm si li gen anpil distraksyon l’ap kapab rive devlope konsantrasyon’l kanmèm.
16. Yon moun ki pa gen ditou kalite sa a ki rele konsantrasyon an, li kapab devlope’l si li vle.
17. Pou yon moun ka rive devlope konsantrasyon’l fòk li konnen sa ki pwen fò li epi fòk li mete 75% atansyon’l sou li.
18. Pou yon moun ka rive devlope konsantrasyon’l fòk li mete 25% atansyon’l sou pwen fèb li epi 5% atansyon’l pou’l aprann nouvo bagay.
19. Pou yon moun ka rive devlope konsantrasyon’l li dwe chache konnen kijan pou li fè defo li yo vin tounen kalite.
20. Konsantrasyon tèlman enpòtan si ou pèdi’l yon moman lè w’ap gen pou rekòmanse w’ap tounen l’an pwen ou te pèdi’l la.